Repò 34èm asanble jeneral òdinè CPRCM pou yon lòt dat ki po ko fikse

 Lè nou konsidere sitiyasyon k ap evolye nan peyi a pou moman sa yo ;

Lè nou konsidere anyen poko fet pou rezoud kriz la ;

Lè nou konsidere wout Marigo-Jakmèl bloke depi 10 Fevriye, kote menm moto gen difikilte pou sikile ;

Lè nou konsidere menm sitiyasyon sa yo pou wout Marigo-Peredo ;

Lè nou konnen  Asanble Jeneral Kès la dwe gen sosyetè ki soti Benè, Jakmèl, Kay Jakmèl, Peredo ak tout 5 seksyon kominal Marigo yo ;

Konsèy Administrasyon Kès la santi li materyèlman enposib pou l ta fè moun deplase kite kay yo avèk ensekirite sa a ki blayi nan peyi an pou ta vin patisipe nan 34èm asanble jeneral òdinè ki te prevwa òganize17 fevriye 2019 lan.

Pou tout rezon sa yo, Konsèy la deside repòte Asanble a pou yon lòt dat ki poko ka menm fikse.

Marigo, jou ki 13 Fevriye 2019 la.

Gupson MORISSET, Sekretè Jeneral « Caisse Populaire Ressource Confiance« .