You are currently viewing 3zyèm jedi oktòb 2020: Jounen Entènasyonal Koperativ Epay ak Kredi

3zyèm jedi oktòb 2020: Jounen Entènasyonal Koperativ Epay ak Kredi

Chak 3zyèm jedi nan mwa oktòb, se selebrasyon « Jounen Entènasyonal Koperativ Epay ak Kredi». Ane sa a, jounen sila a ap selebre nan nivo nasyonal anba tèm: « Coopérer pour une communauté inclusive et sécuritaire ». Se yon okazyon pou nou menm nan « Caisse Populaire Ressource Confiance (CPRCM) » wete chapo n byen ba devan tout sosyetè nou yo pou bon jan kontribisyon yo nan mond koperativ epay ak kredi an.

Tankou jan nou konnen l, pa gen kès popilè san sosyetè. Ki donk, selebre jounen entènasyonal kès popilè, se selebre jefò chak sosyetè ki deside makonnen resous ak konpetans pa li ak pa lòt yo pou kapab kreye richès. Sonje, toutan gen lavi, se toutan nap bezwen toujou kontribiye nan lavi kès popilè yo. Se pou sa nou ankouraje tout sosyetè pou kontinye plase “konfyans” yo nan nou paske CPRCM se trezò pa w li ye.

#InternationalCreditUnionDay